Skip to main content
Fraud and scams key terms (in Haitian Creole)

Mo pi enpòtan yo nan zafè fwòd ak eskwokri

Eksplwatasyon finansye granmoun aje (Elder financial exploitation)

Eksplwatasyon finansye granmoun aje se itilizasyon ilegal oswa move itilizasyon fon, pwopriyete, oswa byen yon granmoun aje. Se konsa yo pi souvan abize granmoun aje, men se sèlman yon ti fraksyon ensidan yo ke yo rapòte.

Moun ki komèt zak la ka etranje ki vin genyen konfyans granmoun aje yo, men yo ka manm fanmi oswa zanmi tou. Li enpòtan pou konn siyal avètisman yo.

Li plis (ann anglè).


Eskwokri sekou nan zafè sezi kay (Foreclosure relief scam)

Eskwokri sekou nan zafè sezi kay ak modifikasyon prè pou achte kay yo se konplo pou pran lajan ou oswa kay ou—souvan sou fo pwomès y ap delivre ou anba sezi kay la. Moun malonèt yo gen dwa mande lajan davans epi di yo garanti yo kapab fè chanje kondisyon prè pou achte kay ou a. Si ou gen pwoblèm fè peman sou prè pou achte kay, yon ajans konsèy nan zafè lojman ke HUD apwouve kapab montre ou ki opsyon ou genyen gratis.


Alèt fwòd pou prevansyon (Fraud alert for prevention)

Yon alèt fwòd se yon bagay ou kapab itilize pou redwi chans pou w viktim vòl idantite kote vòlè a ouvè yon nouvo kont. Li egzije pou kreyansye yo gade rapò kredi ou pou pran mezi pou verifye idantite ou anvan yo kite ou ouvè yon nouvo kont, resevwa yon nouvo kat, oswa ogmante limit kredi ou sou yon kont ou te deja genyen. Lè ou mete yon alèt fwòd sou rapò kredi ou nan youn nan rapò kredi konpayi nan tout peyi a, konpayi an dwe mete lòt yo okouran.

Gen de (2) kalite alèt fwòd prensipal: alèt fwòd inisyal ak alèt pwolonje. Militè yo gen yon lòt opsyon anplis ki disponib pou yo—alèt sèvis aktif, ki bay manm fòs ame yo pwoteksyon pandan yo nan sèvis aktif.

Li plis (ann anglè).


Fwòd fidisyè (Fraud by fiduciaries)

Yon fidisyè se yon moun k ap jere lajan oswa pwopriyete yon lòt moun. Paregzanp, reprezantan ki gen manda ak gadyen ke tribinal nonmen se fidisyè.

Lè yo nonmen ou kòm fidisyè, ou oblije dapre lalwa pou w jere lajan ak pwopriyete moun lan nan enterè pa li, pa nan enterè pa ou. Lè yon fidisyè depanse lajan an nan pwòp enterè pa li, sa gen dwa fwòd.


Vòl idantite (Identity theft)

Vòl idantite se lè yon moun vòlè idantite ou pou komèt fwòd.

Lè yo vòlè idantite ou sa ta ka vle di yo sèvi ak enfòmasyon pèsonèl ou san otorizasyon ou, tankou non ou, nimewo Sekirite Sosyal ou, enfòmasyon kont labank ou, oswa nimewo kat kredi ou. Komisyon Federal Komès la (Federal Trade Commission) ofri enfòmasyon sou prevansyon vòl idantite ak jan pou reyaji lè sa rive.


Eskwokri twonpè (Imposter scams)

Moun malonèt twonpè yo ap eseye lolo ou pou w voye lajan nan fè ou konprann yo se yon moun ou konnen oswa fè konfyans tankou yon cherif, yon anplwaye gouvènman lokal, eta, oswa federal, oswa yon òganizasyon byenfezans. Sonje, idantifikasyon nimewo k ap rele a ka fo. Ou ka toujou rele òganizasyon oswa ajans gouvènman an epi mande si moun nan ap travay pou yo anvan ou bay lajan.


Fwòd pa korespondans (Mail fraud)

Lèt fwòd pa korespondans yo parèt vre men pwomès yo fo. Yon siyal avètisman ou ka wè souvan se yon lèt k ap mande ou voye lajan oswa enfòmasyon pèsonèl kounye a pou jwenn yon bagay enpòtan lè ou fin voye lajan oswa enfòmasyon yo.


Pyèj (Phishing)

Nan pyèj la, yon moun malonèt fè kòm si li se yon biznis oswa yon sèten moun pou twonpe ou pou fè ou bay enfòmasyon pèsonèl ou, tankou modepas, nimewo kat kredi, oswa enfòmasyon kont labank. Yon moun malonèt gen dwa sèvi ak imèl, tèks, oswa sit entènèt ilisit pou vòlè enfòmasyon sa yo nan men ou. Imèl sa yo ka parèt otantik.


Entèdiksyon aksè nan sekirite kredi pou prevansyon (Security freeze for prevention)

Yon entèdiksyon aksè nan sekirite kredi anpeche pou nouvo kreyansye ale nan dosye kredi ou epi pou lòt moun ouvè kont ki egzije verifikasyon kredi sou non ou, jiskaske ou leve entèdiksyon an.

Poutèt pifò biznis yo p ap ouvè kont kredi san yo pa verifye rapò kredi ou, yon entèdiksyon ka anpeche vòlè idantite ouvè nouvo kont sou non ou. Sonje yon entèdiksyon pa anpeche vòlè idantite yo pran kontwòl kont ou te deja genyen.

Li plis (ann anglè).


Mistifikasyon (Spoofing)

Mistifikasyon se lè yon moun k ap rele ou degize enfòmasyon ki parèt sou idantifikasyon nimewo k ap rele w la. Sa bay moun k ap rele a kapasite degize oswa “imite” non ak/oswa nimewo ki parèt la pou fè kòm si se yon sèten moun k ap rele apati de yon sèten kote.


Fil oswa fwòd transfè lajan (Wire or money transfer fraud)

Gen moun malonèt ki twonpe ou pou fè ou transfere lajan pou yo vòlè ou. Yon egzanp fwòd transfè lajan ki rive souvan se “eskwokri granparan” an. Se lè yon moun malonèt ki fè kòm si li se yon pitit-pitit ou oswa zanmi pitit-pitit ou rele ou epi di ou li nan peyi etranje, oswa nan yon pwoblèm kèlkonk, e li bezwen pou w transfere oswa voye lajan pou li touswit.