Skip to main content
Bank accounts key terms (in Haitian Creole)

Mo pi enpòtan yo nan zafè kont labank

Chanm Konpansasyon Otomatik (ACH) (Automated Clearing House (ACH))

Otorizasyon Chanm Konpansasyon Otomatik la (ACH) se yon otorizasyon peman ki bay pretè a pèmisyon pou li pran lajan elektwonikman nan kont labank ou, kès depay ou, oswa kat peye davans ou lè moman an rive pou w peye. Ou ka revoke otorizasyon sa a.


Peman debi otomatik (Automatic debit payment)

Avèk debi otomatik, ou bay konpayi an pèmisyon pou li pran peman yo dirèkteman nan kont labank ou. Se pa menm bagay ak opsyon pou peye bòdwo regilyèman ke bank ou a ofri an. Nan peman regilye bòdwo, ou bay pèmisyon pou bank ou oswa kès depay ou voye peman an bay konpayi an.


Sètifika depo (CD) (Certificate of deposit (CD))

Yon Sètifika Depo, oswa CD, se yon kalite kont depay espesyal ke bank yo oswa kès depay yo ofri. Ou jeneralman dwe kenbe fon w yo nan CD an pandan yon peryòd tan yo presize ba ou pou evite penalite.

Li plis (ann anglè)


Sètifika depo (CD) renouvle (Certificate of deposit (CD) rollover)

Yon renouvèlman ka fèt lè echeyans CD a rive.

Li plis (ann anglè)


Trèt a vi (Demand draft)

Yon trèt a vi kite yon moun tire lajan sou kont chèk ou san siyati ou.

Li plis (ann anglè)


Blokaj depo (Deposit hold)

Kantite tan yon bank oswa kès depay kenbe fon ou depoze pa chèk, yo rele sa pafwa “blokaj depo” oswa “blokaj chèk”. Gen bank ak kès depay ki gen dwa mete fon yo disponib pi vit pase sa lalwa egzije, epi genyen ki gen dwa akselere disponibilite fon yo si ou peye pou sa.


Fidisyè (Fiduciary)

Yon fidisyè se yon moun k ap jere lajan oswa pwopriyete pou yon lòt moun. Lè yo nonmen ou kòm fidisyè, lalwa egzije pou w jere lajan ak pwopriyete moun lan nan enterè li, pa nan enterè pa ou.


Gadyen pwopriyete (Guardian of property)

Yon gadyen pwopriyete se yon moun tribinal la nonmen pou jere lajan ak pwopriyete yon lòt moun tribinal la jije li pa kapab jere lajan li ak pwopriyete li poukont li.

Li plis (ann anglè)


Nimewo endividyèl kontribyab (ITIN) (Individual taxpayer identification number (ITIN))

ITIN nan se yon nimewo idantifikasyon ou resevwa nan men Sèvis Enpò sou Revni Ameriken an (Internal Revenue Service). ITIN nan disponib sèlman pou sèten etranje ki pa rezidan oswa ki rezidan, mari/madanm yo, ak depandan yo ki pa ka jwenn yon Nimewo Sekirite Sosyal.


Kont ini (Joint account)

Si ou ta renmen kite yon zanmi oswa yon manm fanmi ou ekri chèk ak fè depo pou ou, reflechi sou ouvè yon kont ini Jeneralman, tout moun ki gen non yo sou yon kont jwen ka ekri chèk, tire lajan, fè tranzaksyon, deplase fon, oswa fèmen kont la. Si gen youn nan moun ki sou kont la ki dwe lajan, kreyansye a ka eseye kolekte lajan nan kont ini an.


Kont depo mache monetè (Money market account)

Yon kont depo mache monetè se yon kalite espesyal kont ke bank ak kès depay yo ofri.

Li plis (ann anglè)


Frè ensifizans pwovizyon (NSF) (Non-sufficient funds (NSF) fees)

Yo gen dwa fè ou peye frè NSF oswa ensifizans pwovizyon lè chèk ou a oswa otorizasyon elektwonik ou a pa peye poutèt mank fon nan kont ou. Yo rele sa souvan chèk ki “retounen” oswa ki “san pwovizyon”.


Dekouvè (Overdraft)

Ou gen dekouvè lè ou pa gen ase lajan nan kont ou pou kouvri yon tranzaksyon, men bank la peye tranzaksyon an kanmenm. Kont ou ka vin dekouvè poutèt chèk, tranzaksyon nan ATM, acha avèk kat debi, peman otomatik bòdwo, ak retrè elektwonik oswa an pèsonn.

Gen anpil bank ak kès depay ki ofri pwogram pwoteksyon kont dekouvè kote bank la oswa kès depay lan jeneralman peye tranzaksyon an epi fè ou peye yon frè (anplis dèske li egzije pou w remèt montan dekouvè a). Ou ka kouvri dekouvè a tou gras a yon transfè fon soti nan yon kont ki lye, yon kat kredi, oswa yon liy kredi.


Liy kredi pèsonèl (Personal line of credit)

Yon liy kredi pèsonèl se yon prè ou itilize detanzantan. Ou ekri chèk espesyal oswa mande transfè ale sou kont chèk ou a pa telefòn oswa sou entènèt.

Menm jan ak yon kont kat kredi, ou gen yon limit kredi, ou resevwa bòdwo chak mwa, ou fè omwen yon peman minimòm, ou peye enterè baze sou balans ou rete a, e petèt ou peye yon frè chak fwa ou sèvi ak kont la.

Liy kredi pèsonèl yo pa gen garanti, kontrèman a Liy Kredi ki Garanti ak Byen Imobilye yo (HELOC), ki gen yon ipotèk sou kay ou ki kore yo. Se bank ak kès depay ki ofri liy kredi pèsonèl, e yo nòmalman egzije pou w gen yon kont chèk tou nan menm enstitisyon an.


Manda legal (Power of attorney)

Yon manda legal (POA) se yon dokiman jiridik ki kite yon lòt moun aji nan non ou. Kreyasyon yon POA se yon fason pou nonmen yon moun k ap pran desizyon pou ou e li relativman bon mache, malgre yon avoka gen dwa oblije ede ou.

Yon POA finansye ka sèvi kòm zouti pou planifye enkapasite ki ka rive pi devan – lè ou p ap kapab pran desizyon finansye poutèt, paregzanp, ou vin annanfans, ou pran blesi ak chòk nan sèvo, oswa ou vin gen kèk lòt deteryorasyon ki gen konsekans sou fonksyon mantal ou. Lè li sèvi pou planifikasyon davans, yon POA jeneralman “dirab”, sa ki vle di li rete an vigè menm si moun ki kreye li an vin andikape. Kontinye li pou jwenn plis enfòmasyon sou manda legal la (POA).


Moun k ap jere prestasyon pou yon lòt moun (Representative payee)

Administrasyon Sekirite Sosyal la (SSA) nonmen yon moun pou jere prestasyon pou yon lòt moun ki bezwen yo ede li jere peman prestasyon Sekirite Sosyal li oswa Revni Sekirite Siplemantè (SSI) li. Sèl sa moun k ap jere prestasyon pou lòt moun nan ka jere se chèk prestasyon ke SSA peye yo. Si moun k ap resevwa prestasyon yo gen lòt lajan oswa pwopriyete li pa ka jere, moun k ap jere prestasyon pou li an dwe gen otorizasyon legal nan men yon lòt sous pou li jere lòt fon yo. Paregzanp, yon tribinal ta ka nonmen yon moun k ap jere prestasyon pou yon lòt moun kòm gadyen pwopriyete tou. Kòm moun k ap jere prestasyon Sekirite Sosyal pou yon lòt moun, ou se yon fidisyè.

Pou plis enfòmasyon sou moun k ap jere prestasyon Sekirite Sosyal pou yon lòt moun, li gid sa a sou jesyon lajan lòt moun.


Fidisi revokab (Revocable living trust)

Yon fidisi revokab se yon dokiman jiridik ki ba ou otorite pou pran desizyon sou lajan oswa pwopriyete yon lòt moun ke yon kenbe nan yon fidisi.

Li plis (ann anglè)


Moun k ap jere prestasyon Sekirite Sosyal pou yon lòt moun (Social Security representative payee)

Administrasyon Sekirite Sosyal la nonmen yon moun pou jere prestasyon pou yon lòt moun ki bezwen yo ede li jere peman prestasyon Sekirite Sosyal li oswa Revni Sekirite Siplemantè li.

Li plis (ann anglè)


Fidisyè VA (VA fiduciary)

Yon fidisyè se yon moun k ap jere lajan oswa pwopriyete pou yon lòt moun. Depatman Afè Ansyen Konbatan an (VA) nonmen fidisyè VA pou jere prestasyon ansyen konbatan pou moun ki pa ka jere fon yo poukont yo.

Li plis (ann anglè)