Skip to main content
Shopping for a mortgage (in Haitian Creole)

Lè w ap chèche prè pou achte kay

Chèche prè pou achte kay mande tan ak enèji. Men sa ka fè ou ekonomize plizyè milye dola. Ou dwe gen kòm objektif konpare omwen twa òf prè pou achte kay nan men diferan pretè.

Sou paj sa a:

Jwenn omwen twa apwobasyon alavans

Entènèt ak jounal se bon kote pou kòmanse chèche pretè pou achte kay ou a. Kontakte bank yo, kès depay yo, ak òganizasyon ki gen dwa espesyalize nan sitiyasyon w lan—tankou moun k ap achte kay pou premye fwa, ansyen konbatan, travayè nan sèvis piblik, oswa lòt kalite moun.

Mande omwen twa pretè diferan pou yo ba ou “apwobasyon alavans”. Sa vle di pretè a gade finans ou, sa gen ladan rapò kredi ou, epi li estime konbyen ou ka prete ak ki enterè w ap gen plis chans pou peye.

Apwobasyon alavans la pèmèt ou eseye chak pretè pou wè ki kalite prè ak pri li ofri. Lè ou jwenn toulètwa apwobasyon alavans yo nan yon peryòd kout, sa pa ta dwe gen gwo konsekans sou nòt kredi ou.

W ap retounen kote pretè sa yo lè ou pran sèten desizyon, epi mande yo òf prè yo.

Chèche konnen dire prè, estrikti to enterè, ak pwogram

Dire prè a: Pi long oswa pi kout

An jeneral, yon dire prè pi long koute plis sou dire lavi prè a. Men peman pa mwa ou yo nòmalman pi ba. Ou gen dwa kapab negosye yon lòt dire prè avèk pretè w lan, tankou 20 ane, 7 ane, oswa plis pase 30 ane.

Pifò moun k ap achte kay yo chwazi yon prè sou 30 ane poutèt peman yo ka ba.

Peman yo nòmalman pi wo pase 30 ane prè yo, men w ap fin peye prè w lan nan 15 anre epi kou total prè a kapab pi ba.

Estrikti to enterè prè a: To fiks oswa to varyab

Prè ak to fiks yo se bagay ou jwenn souvan. Premye peman w lan gen dwa pi ba avèk yon prè ak to varyab, men si to enterè yo monte ou ta ka fè fas a peman ki ogmante anpil.

To enterè w lan ak peman pa mwa w lan p ap janm chanje pandan tout dire prè w lan.

To enterè ou nòmalman fiks pandan kèk premye ane prè a. Lè peryòd fiks la ekspire, to a ajiste nan entèval regilye baze sou yon “endèks.” Endèks la se yon mezi to enterè jeneralman, epi li reflete tandans ki genyen nan ekonomi global la. Sa vle di montan peman w lan ka ogmante oswa diminye. W ap jwenn detay yo nan Estimasyon Prè w ap resevwa nan men pretè a.

Pwogram prè: Òdinè, FHA, VA, oswa pwogram espesyal

Gen anpil pwogram prè, epi genyen ki fèt pou ede fè prè pou achte kay vin disponib pou moun ki nan sèten sikonstans oswa nan sèten gwoup.

W ap bay yon akont 5% pou pi piti?

Poze kesyon sou prè Fannie Mae oswa Freddie Mac ki kalifye, ke yo souvan rele prè “òdinè”.

W ap bay yon akont tou piti?

Poze kesyon sou prè ki gen asirans FHA.

Ou se militè oswa ansyen konbatan?

Poze kesyon sou prè ki gen garanti VA

W ap achte kay andeyò?

Poze kesyon sou prè USDA parennen.

Ou se yon moun k ap achte kay pou premye fwa avèk revni ba oswa mwayen?

Poze kesyon sou prè ou ka jwenn pase pa ajans finansman lojman eta w lan.

Konpare òf prè yo

Kounye a, li lè pou kòmanse pwosesis deman prè ofisyèl la. Mande pretè ou yo òf prè ki reflete chwa ou yo pou kalite, pwogram, ak dire prè. Apre sa w ap kapab konpare bagay ki sanble.

Toudabò, konpare pati debaz yo nan prè a:

  • Kisa dire prè a ye?
  • Kisa to enterè a ye?
  • Sou ki montan akont yo baze prè a?
  • Konbyen peman pa mwa a ye?
  • Pou prè ipotekè ak to varyab, èske ajisteman peman yo ak to enterè a gen plafon? Èske to enterè a ap bese si to enterè mache a tonbe?

Answit, konpare rès detay yo ki ka gen konsekans sou depans ou:

  • Ki lè peman mwen yo ap fin peye kapital la?
  • Èske peman yo ap chanje pandan dire prè a? Ki wotè peman mwen an ka monte?
  • Èske peman mwen an gen ladan taks sou pwopriyete ak asirans? Si se pa sa, èske m ap kapab peye yo separeman?
  • Ki depans ak frè y ap ajoute nan premye peman mwen an? Nan lòt peman mwen yo?
  • Èske fò mwen peye pwen (frè davans ki redwi to enterè w lan)?
  • Ki frè ak depans ki antre nan montan m ap prete a (nòmal pou yon prè “san frè kloti”)?
  • Èske òf ki ekri an menm ak sa yo te di mwen sou prè a?
  • Èske mwen ka jwenn yon pi bon afè pou sèvis règleman nan men diferan founisè sèvis?
  • Èske mwen ka fin remèt prè a nèt, oswa fè peman ki pi gwo pase sa ki prevwa yo, san penalite?

Mande yon pi bon afè

Lè ou fin wè òf plizyè pretè, mande si yo ka fè youn ki pi bon. Negosyasyon se bagay ki fèt souvan, epi pa gen danje nan mande. Pretè a gen dwa kapab anile oswa redwi youn nan frè yo, oswa bese to enterè a oswa pwen yo.

Verifye pretè a pa bese yon frè epi monte yon lòt, oswa bese to enterè w lan men monte pwen ou yo.