Пропустить главный контент
How to avoid foreclosure (in Haitian Creole)

Kijan pou evite yo sezi kay ou

Bagay ki pi enpòtan ou ka fè lè ou gen pwoblèm fè peman sou lajan ou te prete pou achte kay ou a se pran kontwòl. Nan pifò kay yo, bagay ki pi mal ou ka fè se pa fè anyen. Pran kontwòl vle di fè kat bagay:

1. Fè oswa pran yon apèl pou yo ede ou

Pran kontwòl nan aksepte apèl nan men konpayi k ap jere peman prè pou achte kay ou a. Sa ki pi bon toujou, rele konpayi an osito w konnen ou pa ka fè peman mansyèl ou a. W ap jwenn nimewo telefòn nan sou bòdwo ou resevwa chak mwa a. Di konpayi k ap jere peman prè pou achte kay ou a poukisa ou pa ka fè peman mansyèl ou a epi mande konpayi an pou li ede ou evite yo sezi kay ou.

2. Mande èd gratis nan men espesyalis

Konpayi k ap jere prè pou achte kay ou a gen dwa kapab ede ou si ou vin gen pwoblèm fè peman sou prè w lan. Si ou pa ka jwenn sa ou bezwen an nan men konpayi k ap jere prè pou achte kay ou a, mande èd nan men yon espesyalis ajans konsèy sou lojman ki toupre ou. Konseye yo ka elabore yon plan daksyon sou mezi ou epi ede ou travay ak konpayi prè pou achte kay ou a. Vizite consumerfinance.gov/mortgagehelp oswa rele (800) 569-4287 epi tape kòd postal ou, pou jwenn yon konseye nan zafè lojman HUD apwouve.

3. Evite eskwokri

Eskwo yo eseye pwofite de mèt kay ki gen pwoblèm, nan mande yo peye yon pakèt lajan— menm plizyè milye dola—pou fo pwomès ke y ap ede yo. Ou pa ta dwe gen pou peye pèsonn pou ede ou evite yo sezi kay ou. Èd ou bezwen an dwe disponib gratis nan men konpayi k ap jere prè pou achte kay ou a, oswa nan men yon ajans konsèy nan zafè lojman HUD apwouve.

4. Fè demann pou èd

Konpayi k ap jere prè pou achte kay ou a dwe kontakte ou, ba ou enfòmasyon kòrèk, epi pale ou de opsyon limitasyon pèt ou gen dwa kalifye pou yo. Limitasyon pèt la se fason konpayi k ap jere prè pou achte kay ou a ka travay avè w pou evite yo sezi kay ou. Si ou voye yon demann konplè bay konpayi k ap jere prè pou achte kay ou a byen bonè, konpayi an oblije di ou ki opsyon ou genyen pou kenbe kay ou, oswa si sa gen plis sans pou w kite lakay ou.

Konseye nan zafè lojman yo gen anpil eksperyans nan ede moun travay sou evite yo sezi kay yo. Yo ka ede ou nan etap konplike yo pou konprann opsyon ou genyen yo epi pou fè demann pou èd.

Konpayi k ap jere prè pou achte kay ou a pa ka ni voye premye avi ni mande sezi kay ou toutotan ou pa gen plis pase 120 jou reta nan peman ou yo. Anplis de sa, lè ou soumèt yon demann konplè èd pou prè pou achte kay byen bonè, konpayi k ap jere prè pou achte kay la pa ka kòmanse pwosesis sezi kay la pandan y ap evalye ou oswa si w ap respekte kondisyon yon modifikasyon prè. Donk fè sa sa san pèdi tan. Plis ou ranpli demann nan bonè, plis w ap jwenn pwoteksyon.

Kijan pou rekonèt yon eskwokri nan zafè sezi kay

Eskwo nan zafè sezi kay yo gen dwa di ou y ap sove ou anba sezi kay, alòske se lajan ou y ap annik pran.

Fè atansyon ak siyal eskwokri sa yo:

  • Yo mande ou peye alavans pou yo ede ou.
  • Konpayi an garanti l ap fè chanje kondisyon prè pou achte kay ou a.
  • Konpayi an garanti ou p ap pèdi kay ou.
  • Yo mande ou siyen tit kay ou a ba yo oswa pou w siyen lòt dokiman ou pa konprann.
  • Yo di ou voye peman ou yo bay yon moun ki pa ni konpayi prè pou achte kay ou a ni konpayi k ap jere prè pou achte kay ou a.
  • Konpayi an ofri fè yon “odit jidisyè.”
  • Yo di ou sispann peye prè pou achte kay ou a.
  • Konpayi an di li afilye ak gouvènman an, oswa li sèvi ak yon logo ki sanble so gouvènman men ki yon ti jan diferan.

Depoze plent pou yon pwodwi oswa sèvis finansye

Chak semèn nou voye plis pase 10,000 plent sou pwodwi ak sèvis finansye pou konpayi yo reponn. Si se yon lòt ajans k ap pi byen ka ede ou, n ap voye plent ou a ba li epi fè ou konn sa. Pifò konpayi yo reponn nan yon delè 15 jou.

  • Sou entènèt (an Anglè)
  • Oswa nan telefòn nan (855) 411-2372 pou w jwenn èd nan lang kreyòl ayisyen, ak 180 lòt lang. Yo nòmalman reponn koutfil yo anvan 1 minit pase. Y ap tradwi plent ou nan lang anglè epi voye li pou konpayi an reponn. Lè konpayi an reponn, li nòmalman fè sa nan lang anglè, men ou ka rele nou pou tande yon repons tradwi.